Fò Nasyonal, Pòs Machan, Nazon, Kriswa, Dèlma 30, Taba, Kenskòf, pou n site zòn sa yo ase, kout bal ap chante san rete, kay ap boule, moun ap mouri, rezidan ap kouri kite kay yo akoz teworis Viv Ansanm yo ki pa sispann masakre popilasyon an. Aksyon gang yo vin ogmante pi rèd, depi aprè DCPJ fin lage avi rechèch dèyè Nenel Cassy nan. Viv Ansanm retounen pi rèd pandan gen yon silans konplis bò kote Premye Minis Defakto a.
Tout bagay parèt aklè devan je tout moun. Aksyon bandi yo gen anpil gwo bra kache dèyè yo k ap oryante yo.