Anpil non ap site konsènan fòmasyon gouvènman ki gen nan tèt li Alix Didier Fils-Aimé kòm nouvo premye minis. Chak pèsonalite nan Konsèy 7 tèt la bezwen rale dra a voye sou yo. Tout sektè yo bezwen mete moun pa yo nan gouvènman an e non k ap site yo se yon bann prezime kòwonpi ki gen anpil akizasyon sou yo. Pandan peyi a ap koule, nèg anwo yo se batay y ap batay pou pòs Ministè ak Direksyon Jeneral.
Nan plan Konsèy 7 tèt la ki revoke Garry Conille an, se pou yo te ka plis alèz pou yo ka mete blofè parèy yo nan bwat Leta yo.