Se akizasyon sou akizasyon k ap fèt nan mitan manm KPT yo. Semèn pase a, Fritz Jean denonse Smith Augustin li di ki gen 90% pòs yo nan diplomasi a. Smith Augustin reponn Le Nouvelliste pou l di se pa vre. Li fè konnen se Leslie Voltaire ak Fritz Jean ki gen 14 pòs sou 26 nan chajè d afè ak anbasadè yo. Mesye yo met moun Washington, Santo Domingo ak Bruxelles, yo gen moun nan OEA, ONU, Jenèv ak lòt kote ankò.
Chak fwa gen yon bouch pa gou nan mitan mesye dam yo nan tèt Leta a, tout sekrè soti.