Nan kad bisantnè lajan endepandans Boyer te fè Lafrans kado a (1825-2025), Emmanuel Macron rekonèt se yon tò yo te fè peyi a paske yo te fè l depanse lajan pou pwòp libète l. Pou sa, li anonse yon komisyon k ap gen ayisyen ak fransè ladan l pou yo analize enpak dèt sa a epi pwopoze yon ansanm rekòmandasyon pou yon lavni ki plizoumwen apeze. Prezidan fransè a pa mansyone okenn kote nan diskou li a pou yo remèt Ayiti lajan sa a yo te kidnape a.
Deklarasyon Macron yo sou zafè lajan endepandans lan, se yon pil fransè, langaj diplomatik ki pa kanpe sou anyen.