Se 3.5 milya goud Palman ayisyen ki kraze a genyen ki al jwenn li. Chanm depite a ki pa la depi 2020 gen 1.8 milya epi Sena a ki kraze depi 2023 gen 1.7 milya goud. Pandan peyi a ap fann pak an pak, gen yon pil lekòl piblik ki fin kraze, plizyè milye moun kouri kite kay yo pou bandi. Ministè Finans kontinye ap dekese lajan pou yon enstitisyon ki mouri deja.
Kiyès ki resevwa lajan sa yo? Nan ki sans yo depanse? Poukisa yo kontinye retire lajan sa yo nan kès Leta a? Pa gen repons.