Se Lionel Lazarre, pòt pawòl PNH la ki anonse nouvèl sa a nan fen jounen vandredi 31 janvye 2025 lan. Yo sezi 2 fizi otomatik ki se yon M4 ak yon AK-47 mete sou sa, yo jwenn yon bon kantite katouch. Polisye yo sezi zam ak minisyon sa yo pandan yo t ap twoke kòn yo ak kriminèl Viv Ansanm yo nan lokalite Bonga ak Larat.
Lapolis toujou prezan nan perimèt sa yo pou anpeche vagabon yo kontinye atake popilasyon an.