Lapolis nasyonal mete men nan kòlèt prezime asasen Mikerlange François a

haitinewstv.com

Lapolis nasyonal mete men nan kòlèt prezime asasen Mikerlange François a

Plizyè ajan nan Polis nasyonal Dayiti a (PNH) nan Kavayon (depatman Sid peyi a) mete men nan kòlèt Obenson Saindor, prezime asasen ki ta touye ajan Bigrad entèvansyon motorize (BIM), Mikerlange François, nan Petyon-Vil, nan lannuit samdi pou rive dimanch 18 oktòb pase a.

Daprè Jacques Joël Orival, Direktè depatmantal polis la nan depatman sid, ki konfime nouvèl la, nan moman arestasyon an, ajan PNH yo jwenn sou prezime asasen an yon Towous 9 mm ki se pwopriyete enstitisyon polisyè a.

Polisye yo jwenn tou nan men prezime asasen an yon «Gluck 40» li ta sèvi pou l touye ajan BIM nan.

Jacques Joël Orival fè konnen Robenson Saindor jwenn arestasyon l nan moman li t ap tante rantre sou yon motosiklèt nan komin Dam-Mari (depatman Grandans).

Mikerlange François ki te jwenn transfè l pou l t al travay nan depatman Gradans te resevwa anviwon 5 bal nan men asasen yo nan yon klèb Kazino.

Wilner Jean

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Joé dwèt File kontinye make pwen sou sèn entènasyonal la

Joé Dwèt Filé nomine nan “BEST Internastional Act Awards” kòm yon atis fransè nan kategori li a. Li nomine nan

Komisè gouvènman Pòtoprens lan lage Alfredo Antoine

Alòske DCPJ te fin arete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, misye jwenn liberasyon l jounen vandredi 9 me 2025

Yon ti gwoup nan peyi a anpeche Aruba Airlines fè

Konpayi ayeryèn Aruba Airlines te dwe kòmanse ak vòl li yo sou Ayiti apati 12 me k ap vini la

ULCC mande pou lajistis mare ansyen DG Imigrasyon

Stéphane Vincent, ansyen direktè biwo imigrasyon ak emigrasyon sou Gouvènman Garry Conille an, gen detay pou l al bay lajistis

Arnel Bélizaire kòmanse bwè prizon nan Jakmèl

Ansyen depite Arnel Bélizaire pase premye nwit li nan prizon sivil Jakmèl la. Aprè plizyè tantativ ki fèt pou te

Contact Us