Lapolis nan depatman Sidès, espesyalman nan Jakmèl mete anba kòd ansyen prizonye ak ansyen depite Arnel Bélizaire. Selon premye eleman enfòmasyon yo, Arnel Bélizaire anba kòd paske l bat yon machann k ap vann kleren devan otèl kote misye ye a. Arnel Bélizaire ta menm antre anndan otèl la al pran zam li pou l tire sou moun ki te anpeche l fin kraze dam nan anba kou.
Se an prezans jij de pè lapolis mete misye anba kòd aprè l fin fè zak la.