Jessika Thélusma jwenn arestasyon l pandan wikenn pase a nan komin Petyonvil. Aksyon manmzèl se filme yon seri kliyan an sekrè epi rele yo nan telefòn pou l fè lajan sou yo. Daprè lapolis, Jessika gen yon rezo nan Sogebank ak Unibank kote li enfiltre enfòmasyon pèsonèl kliyan yo sa ki lakoz deja gen plizyè milye dola ki pèdi. Nan moman yo t ap akwe l la, yo jwenn 3 telefòn nan men l ki gen bon jan enfòmasyon sou krim li yo ak non kèk konplis.
Nan moman sa a, Jessika nan DCPJ ap reponn kesyon anketè yo.