St Louis Amplait, Innocent Jean Mathurin ak Arnold Léonce, se non 3 fo medsen sa yo lapolis poze lapat sou yo nan Jeremi ayè jedi 22 me 2025 lan. Mesye sa yo gen plizyè lane depi y ap egzèse metye a pandan yo pa ge okenn otorizasyon ak konpetans pou sa selon medya lokal yo.
Jan de ka sa yo repete souvan nan peyi a paske koupab yo toujou jwenn chan lib.