UTAG ak BRI fizye plizyè bandi nan kad yon entèvansyon yo fè madi 11 fevriye 2025 sa a nan plizyè kote alye Vitelòm yo ap bay pwoblèm. Selon rapò PNH la, gen plizyè grenn ki tonbe e yo sezi 2 zam gwo kalib. Pandan tout jounen an, anpil kote sou Wout Frè jouk rive Taba te gen anpil kout bal ki t ap chante ant fòs lòd yo ak zèfèyis Kraze Baryè yo.
Selon nòt PNH la, entèvansyon sa a antre nan kad lit y ap mennen pou deloje gang sa a.