Yon dizèn teworis tonbe nan echanj kout bal ak fòs lòd yo nan komin Mibalè madi kite 20 me 2025 a pandan gen plizyè lòt ki blese. Pami zago loray ki tonbe yo gen Zokadav ki konn toujou ap fè cho sou TikTok e gen yon lòt towo ki rele Chalè tou. Mouchwa ki te konn mare kou ensanse sa yo ak zam yo nan men fòs lòd yo. Yon entèvansyon ki rive posib gras ak sipò brigad vijilans yo.
Se vre yon bon pati nan Mibalè toujou sou kontwòl gang men detanzantan gen pwogrè k ap fèt.