Anviwon 7 dwon kamikaz lage nan diferan pwen kote gang Kraze Baryè a ap evolye nan plèn nan. Sòti depi bò Eddy One jouk rive nan limit Pènye 27, fòs lòd yo te ansèkle perimèt sa yo pou koresponn ak kriminèl yo. Annatandan bilan ofisyèl bò kote PNH la, nou aprann gen plizyè pye sal ki tonbe e polisye yo rekipere anpil zam.
Nouvèl fondamantal peyi a ap tann nan moman sa a se tande tout chèf gang yo kòmanse disparèt.