BLTS, BLVV ak USI-BAC mennen yon operasyon nan Pènye jounen mèkredi 21 me 2025 lan pou deloje yon rezo malfèktè k ap fè trafik ògàn. Pandan operasyon sa a, polisye yo dekouvri plizyè kadav ak tout zo atè anndan espas la e gen yon sispèk ki arete. DCPJ louvri yon ankèt pou rive idantifye moun ki responsab zak kriminèl sa yo.
Kesyon trafik moun ak trafik ògàn nan peyi d Ayiti ap fèt souvan men se souvan an kachèt yo fè l.