DCPJ prezante nan “Allo la Police”, polisye BIM Alexandre Frantzces pou bon jan rapò li genyen ak dezyèm chèf gang Kraze Baryè a ki rele Tizo k ap opere nan zòn Eddy One, nan komin Taba. DCPJ ki di li gen bon jan enfòmasyon sou polisye sa a rive mete l anba kòd paske menmsi polisye paka pase nan zòn sa a men li menm li toujou prezan e menm ak inifòm lapolis sou li. Alexandre konn ale lakay Vitelòm souvan tou, daprè DCPJ.
Se plizyè polisye nan kò Polis la ki gen bon relasyon ak bandi men wo grade PNH la pa souvan fè ka de yo.