Operasyon lapolis mennen sou chèf gang Kraze baryè a debouche sou plizyè rezilta: fòs lòd yo rive jis anndan peristil la, yo sezi anpil bagay ki ka itil yo pou ankèt, plizyè zam ak minisyon rekipere e gen anpil bandi ki tonbe. Vitelòm te gentan chape poul li, li travèse rivyè Griz pou l al kache. Youn nan kriminèl ki tonbe yo, Lapolis sezi telefòn li. Selon enfòmasyon nou dispoze, gen youn nan teworis ki ak Vitelòm yo ki rele Woodley, li rele sou telefòn nan pou l bay lapolis presyon.
Pi fò kote vagabon yo konn kache tankou Lopital ki anndan Pènye a, lapolis rive nan perimèt sa yo pou kontwole asasen yo.