Administrasyon Trump lan jwenn pèmisyon nan men Lakou Siprèm amerikèn pou l mete fen nan TPS tout sitwayen venezyelyen ki se benefisyè pwogram sa a. Nouvèl sa a konsène anviwon 350 mil resòtisan venezyelyen k ap viv sou tèritwa ameriken an anba TPS. Se yon desizyon ki kapab genyen gwo retonbe sosyal ak politik.
Migran sa yo ki te kite peyi yo pou rezon imanitè riske sibi zak depòtasyon.