Pi gwo tribinal nan peyi Etazini an otorize Administrasyon Trump lan revoke estati legal tout moun ki te antre nan kad pwogram Biden nan. Mete sou sa, y ap ka mete moun sa yo sou lis depòtasyon. Dezisyon sa a pran vandredi 30 me 2025 sa a, aprè yon demann an ijans administrasyon Trump lan te fè, aprè yon jij federal te fin bloke premye tantativ pou te revoke estati gwoup migran sa yo.
Nouvèl sa a tonbe tankou yon gwo chòk pou migran ki te antre nan Biden yo, ayisyen yo an patikilye.