Alòske DCPJ te fin arete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, misye jwenn liberasyon l jounen vandredi 9 me 2025 lan aprè komisè gouvènman Pòtoprens la te fin dyaloge avèk li. Komisè Frantz Monclair di Alfredo ale pa peche ankò pandan DCPJ te arete l pou relasyon l ak gang, konplisite asasina a asosiyasyon malfèktè.
N ap raple se 4 avril 2025 lan DCPJ te fouke misye lakay li nan Petyonvil. Yo te jwenn 9 telefòn lakay li ak 3 zam, yon tablèt elatriye.