“Nou p ap aksepte demand kounye a, nou deja rive nan kantite moun nou t ap pran an”, se sa responsab yo ekri nan yon kominike yo pibliye sou sit ofisyèl yo a. Kidonk peyi Kanada mete fen ak pwogram sa a ki te fèt pou resòtisan ayisyen, kolonbyen, ak venezyelyen. Pwogram sa a bay posiblite pou 11 mil moun ki sòti nan peyi sa yo rejwenn fanmi yo nan peyi Justin Trudeau.
Jiska 30 desanm 2023, otorite yo di yo te gentan gen ase moun pou pwogram nan. N ap raple se sèlman fanmi (frè, sè, manman, papa) ki te kapab aplike pou yon pwòch li e fòk moun nan te rezide Kanada pou l fè sa.