Aprè 4 lane sa yo, gen 4 depatman ki koupe kontak ak Pòtoprens paske wout nasyonal yo enpratikab. Depatman sa yo se: Sidès, Nip, Sid ak Grandans. Matisan bloke depi 1e jwen 2021, moun travèse wout sa a si bandi vle kanta pou Leta, okenn desizyon pa janm pran pou chanje sitiyasyon an. Pandan 4 lane sa a, teworis yo ap touye moun, kidnape ak sekestre sivil, ti moun kou gran moun. Yo detwi plizyè batiman prive ak piblik.
Sòti sou Jovenel Moïse, pase pran Ariel jouk rive sou 9 blofè sa yo, pa gen okenn operasyon polisyè ki mennen pou kanpe wobinèt san k ap koule nan peyi a.