Joé Dwèt Filé nomine nan “BEST Internastional Act Awards” kòm yon atis fransè nan kategori li a. Li nomine nan kategori sa a, pami gwo divès lòt atis entènasyonal tankou Any Gabrielly, Ayra Starr, Rema, SDM, Bashy pou n site sa yo ase. Seremoni an ap fèt nan Peacock Theater, Los Angeles California, lendi 9 jen 2025. Yon lòt bò, atis la resevwa 4 lòt nominasyon nan “Les Flammes 2025” ki ap fèt madi 13 me 2025 nan kapital peyi Lafrans.
Atis la kontinye ap fè pale de li gras ak mizik 4 Kanpe a li entèprete sa ki pèmèt anpil nasyon a danse konpa atravè mond lan.