Pliske 24è aprè gwo dega ki fèt nan peyi a kote yon kamyon bandi y ap tante antre Petyonvil pou vin masakre moun, Konsèy Prezidansyèl la poko pwononse l sou sa. Se vre popilasyon an te degaje l kou mèt Jan Jak pou elimine teworis sa yo, men ni CSPN nan ni Primati poko bay pozisyon yo sou sa. Okontrè, ayè madi sa a, se yon seri minis yo t ap enstale nan pòs yo. Yo tèlman te nan lapèrèz.
Chak jou k ap pase, pèp la lage pou kò l anba predatè yo pandan Babekyou ak akolit li yo ap fè chowòf sou TikTok.