Minis Zafè Etranjè ayisyen an, Jean Victor Harvel Jean-Baptiste ak minis Ayisyen k ap viv Lòtbò dlo yo, Kathia Verdier pa janm di anyen pandan ayisyen parèy yo ap sibi maltretans lakay vwazen. Imigrasyon dominikèn ap voye wòch dèyè ayisyen, bat yo nan tèt, ba yo kout kòf zam minis ayisyen k ap viv aletranje yo ki te sòti Sendomeng vin pran djòb la pa janm reyaji. Depi yo jwenn djòb pou defann fanmi yo, zafè popilasyon an.
Minis Kathia pa montre li gen okenn sansiblite pou plizyè fanm parèy li k ap akouche tankou bèt Sendomeng e yo menm mouri pandan y ap bay lavi.