Majorite migran ayisyen ki te itilize aplikasyon CPB One nan pou sòti Meksik rantre Etazini resevwa yon notifikasyon sou kont USCIS yo ki fè yo konnen kat travay yo revoke. Anpil nan moun sa yo ki resevwa notifikasyon sa a ayè jedi 29 me a fè konnen se an 2026 kat travay yo t ap bout. Nouvèl sa a mete konpatriyòt ayisyen sa yo nan gwo tèt chaje pou kounye a. Se pliske 900 mil migran ayisyen ki konsène pa mezi sa a.
Anpil nan moun sa yo te deja fè demand azil, yo te chita ap tann yon nouvo kat anba menm demand sa a.