Alèt sa a ki pibliye ayè vandredi 6 jwen 2025 lan e ki soti dirèk nan USCIS anonse yo pral revoke estati migran sa yo epi revoke tout kat travay ki te fèt anba estati pwogram Biden lan. Desizyon sa a vini aprè Lakou Siprèm fin bay Donald Trump chemen lib pou l revoke estati plis lase 500 000 benefisyè pwogram Parole la. Selon enfòmasyon yo, Walmart, Disney World ak kèk lòt antrepriz ankò kòmanse revoke moun ki te antre sou Biden yo nan trava yo.
Malgre gen moun ki te toujou panse ak yon anons pozitif men sanble bagay yo vin pi konplike.