Nan yon nòt li rann pliblik nan jou pase yo, Gwoup Boulos la fè konnen kriz peyi a ap konnen la a oblije yo redwi sou kantite moun ki t ap travay nan diferan enstitisyon yo. Nan sa k ap rete yo, y ap redwi salè yo a 50% paske yo nan gwo difikilte ekonomik. Poutèt pa gen gaz ak tout kote ki bloke nan peyi a, sa lakoz Delimart yo, Autoplaza ak Universal Motors adopte mezi sa yo.
Pandan tan sa, alokasyon machin ak lojman yo toujou kenbe. Nan nòt responsab yo pibliye a, yo mansyone yo pa doute de kapasite moun yo kanpe yo, men se sitiyasyon an ki mande yo sa. Yon nouvèl ki vin choke pi plis fanmi fanmi yo nan peyi a kote anpil moun chita yo p ap fè anyen.
Vues: 3