Nan yon mesaj sou X, Gustavo Petro di li pa renmen ale Etazini paske se yon peyi ki nwizib. Li kontinye pou l di si Trump se yon awogan men gen kèk lòt ameriken ki make l tankou Noam Chomsky ak Arthur Miller. “Mwen prè pou m mouri pou peyi m. Mwen te reziste kont maltretans e m ap reziste avè w”, se sa prezidan Gustavo reponn Donald Trump nan yon mesaj piman bouk.
Prezidan kolonbyen di Donald Trump li se yon pèsonaj ki ge karaktè l, li p ap desan tèt li devan l.