Gwoup Jan Deni an k ap defann yon bon pati nan Latibonit kont baz Gran Grif la sibi yon atak brital nan fen semèn sa a. Teworis Gran Grif yo debake nan Jan Deni ki se premye seksyon kominal Ti Rivyè Latibonit, yo touye anpil moun, yo boule kay. Gwoup Jan Deni an ap fè fas ak yon pwoblèm efektif epi materyèl pou kontinye fè rezistans fas ak teworis yo.
Sa gen plizyè mwa depi batay ant 2 gwoup ame sa yo vin pi malouk nan Ti Rivyè Latibonit.