Se 11 milyon dola vèt sibvansyon Leta ayisyen bay Sunrise la ye sou kesyon repriz vòl lokal yo. Lajan sa a ki se taks pèp Ayisyen ki te ka itil pou rekòmanse fè wout nasyonal yo fonksyone, primati ak KPT a bay Sunrise li pou l ka pyafe sou pèp aysiyen an ankò. Vòl k ap soti Guy Malary pou ale Jeremi, Okap, Okay yo…se an dola vèt pasaje yo toujou peye yo. Sa montre aklè se sektè prive a sou pouvwa l.
Peyi d Ayiti vin tounen yon kote pou politisyen fè makrèl, jere zanmi, vòlè epi yo aranje yo pou anyen pa rive yo.