300 a 400 milyon goud, se kantite lajan mesye dam ki di y ap dirije yo anonse yo pral depanse nan peyi a pou selebre 222e anivèsè kreyasyon drapo a. Se Okap nèg yo deside al fè diskou paske yo paka ale ni Akayè ni Gonayiv. Yo anonse yon mès ak diskou nan vil Okap e tèm yo kenbe a se “yon sèl drapo, yon sèl pèp, yon sèl nasyon”.
Okenn dispozisyon pa pran pou jere ensekirite a pandan popilasyon an kontinye kanpe ap gade san koutcha sa yo nan je k ap vòlò lajan Leta.