Ansyen premye minis Garry Conille ta dwe rive Etazini wikèn sa a, towo a al jwenn fanmi l nan vil Nouyòk. Li te pran avyon pase pa Okap, aprè Okap, li dwe fè yon ti tan sou zile “Turk-and-Caicos” avan li rantre Etazini. Aprè anviwon 5 mwa li pase kòm premye minis san bay rezilta, li tounen al jwenn bòs li yo, menmsi yo patisipe nan imilyasyon li sot pran nan menm Konsèy Prezidansyèl 7 tèt la.
Garry Conille ale kite yon peyi kote san ap koule, moun ap kouri san konnen ki kote yo prale.