Gad Kot peyi Etazini retounen ak 132 Ayisyen yo te arete sou yon bato ki tap chache rantre ilegalman nan Florida selon sa otorite yo rapòte. Yo arete moun sa sou lanmè epi tou retounen avèk yo menm kote a. Te gen fanm ak timoun piti ladan yo tou. Tout retounen Ayiti madi 11 fevriye 2025 la.
Malgre gen anpil entèdiksyon, ayisyen pa sispann riske lavi yo pou ale Etazini.