Pou Ayiti fè fas ak chòk alimantè l ap konnen jodi a, Fon Monetè Entènasyonal valide 105 milyon dola ameriken pou jere kriz sa a. Daprè FMI, lavi chè ak lòt pwoblèm politik yo lakoz majorite moun ki nan popilasyon an ap mouri grangou, se pou sa y ap bay èd sa a ak peyi a. Bank Santral peyi d Ayiti deja fè yon tweet sou sa tou. Yon lòt volim lajan ki pral envesti Ayiti malgre pèp la pa janm asiste tiraj ladan yo.
Èd sa a FMI ap voye pou Ayiti a pral ede Leta fè fas kare ak pri pwodwi yo k ap ogmante e ede popilasyon an rale yon souf, toujou daprè kominike sa a. Se direktris jeneral an aprè FMI an, Antoinette Sayeh ki anonse nouvèl sa a.