Anviwon 21 migran ki t ap viv Etazini san papye oubyen ki te nan prizon akoz krim yo komèt debake nan ayewopò Okap la jounen madi 4 fevriye 2025 lan. Se Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) ki akeyi yo e bay yo chak yon anvlòp 5000 goud. Gwoup ki te komèt krim Etazini yo, Leta ayisyen ta dwe gen kontwòl yo pou yo pa vin enfiltre sosyete a ki deja paka kenbe ankò.
Jiskaprezan, Leta ayisyèn pa pran okenn dispozisyon pou l akeyi moun Etazini ap voye tounen yo.