Administrasyon Trump lan pataje entansyon li genyen ak kongrè ameriken an pou l ta deziye tout gang an Ayiti yo kòm òganizasyon teworis, daprè Ajans Près. Yon desizyon konsa kapab trennen dèyè l sanksyon pou tout moun k ap finanse gang yo, k ap ba yo zam ak minisyon.
Anpil aktè jiskaprezan rete kwè tout tan n ap tann blan pou dechouke gang yo, anyen p ap janm fèt.