Ekriven epi sikològ Raynel E. Paul ranpòte 18e edisyon pri Joseph D. Charles bibliyotèk Georges Castera nan Lenbe (BGCL).
Jiri a desène premye pri a bay ekriven Raynel E. Paul pou ouvraj li ki pote tit : «Au bout des mots», daprè yon nòt ki pote siyati Clément Benoît II ak Mèt Offrane Toussaint ki se youn aprè lòt responsab bibliyotèk la epi prezidan jiri a.
Ā«Liv sa a prezante sityasyon yon kategori timoun (ti gason ak tifi) k lāap viv nan plizyĆØ rezidans ki fĆØt pou yo. Se yon eksperyans otĆØ a viv nan rezidans sa yo ki te resevwa timoun yo aprĆØ tranblemanntĆØ 12 janvye 2010 la ki te kraze peyi aĀ», se sa nou li nan 4e kouvĆØti liv la.
Pri Joseph D. Charles kreye nan lane 2002. Objektif li se kenbe vivan memwa Joseph D. Charles, yon briyan entĆØlektyĆØl, ekriven epi diplomat ayisyen ki se natif Lenbe.
Daprè enfòmasyon Haïti News kolekte, Raynel Paul fèt Lenbe nan dat 14 jiyè 1975. Li etidye sikoloji nan Inivèsite Leta Dayiti.
Wilner Jean