Nouvèl sa a reprezante yon gwo kout ponya pou konpatriyòt ayisyen k ap viv Ozetazini ki sou TPS. Administrasyon Trump lan anonse l ap mete fen nan pwolongasyon TPS ayisyen yo nan mwa Out 2025. Olye 18 mwa administasyon Biden lan te mete l la, ekip Trump lan deside redui TPS la a 12 mwa kidonk apati mwa dawout 2025, l ap bout. Anpil ayisyen ki sou TPS nan peyi Trump lan e sa ki te gentan fe demand lan nan gwo tèt chaje.
Tout pwogram imanitè ki te la avan manda Trump lan, li deside mete bout ladan yo.