Se jounal New York Times ki pataje enfòmasyon sa a, jounalis yo dekouvri kote administrasyon Trump la bay ajan imigrasyon yo otorizasyon pou depòte rapid vit tout benefisyè pwogram Biden yo. Donald Trump deside revoke estati tanporè benefisyè yo menmsi estati sa a toujou valab. Trump avèk ekip li di ansyen Prezidan Biden te fè moun sa yo antre Etazini dèyè do lalwa.
N ap raple sòti 2023 pou rive fen 2024, se pliske 1 milyon 400 mil imigran ki ale Etazini nan kad Pwogram Pawòl la.