Endividi ak zam kwape ajan dwanye yo nan dwàn Malpas la epi yo pran li an otaj selon enfòmasyon plizyè medya nan vil la rapòte. Gwoup sa a prezante tèt li kòm brigadye e se yon sèten Benbenn ki nan tèt yo, misye se moun Fonparizyen. Pa gen okenn responsab ki gen kontwòl dwàn nan e jiskaprezan anyen poko detèmine bò kote Leta santral. Aprè ajan dwanye yo te fin sezi 3 kamyon ki t ap pote batri lityòm sou fwontyè a, nèg ak zam yo tou anvayi e pran kontwòl dwàn nan.
Endividi ame yo sakaje dwàn nan, yo reprann kamyon lapolis te sezi yo ak plizyè lòt machin ankò.