DCPJ prezante Zendeng Cherestal ak Metelus Fedens ki touye mennaj yo

haitinewstv.com

DCPJ prezante Zendeng Cherestal ak Metelus Fedens ki touye mennaj yo

Nan yon konferans pou laprès nan lokal Direksyon santral Polis Jidisyè (DCPJ) ki twouve l nan Klèsin, pòt pawòl lapolis la, Garry Derosiers prezante bay laprès 2 prezime asasen ki touye mennaj yo. Zendeng Anderson Cherestal ak Metellus Fedens.

Zendeng Cherestal touye mennaj li, Sherley Monfort, vandredi premye janvye ak plis pase 20 kout kouto. Metellus, kote pa l, te touye mennaj li nan Fò Jak 10 me pase a, epi antere fi a. Metellus ta pral mawon nan depatman Nòdès, nan komin Monben Kwochi.

Zendeng Anderson Cherestal fè konnen se jalouzi ki fè l touye Sherley Monfort. Aprè l te fin poze zak malonèt sa, Zendend ta pral mawon. Se papa l ki te arete l epi menen l ale nan DCPJ.

N ap raple se toutan zak tris sa yo ap repete nan sosyete ayisyèn nan kote gason ap bat fi epi menm rive touye yo.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Konsèy 7 tèt la jwenn sipò 2 gwo Peyi Ewopeyen,

Lafrans ak Wayòm Ini gen menm pozisyon ak Etazini epi Caricom ki te di yo kanpe bò kote konsèy prezidansyèl

Macron rekonèt Lafrans te fè Ayiti abi men li pa

Nan kad bisantnè lajan endepandans Boyer te fè Lafrans kado a (1825-2025), Emmanuel Macron rekonèt se yon tò yo te

Lapolis ak Lame fè tout sa yo kapab pou anpeche

Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje

Ekip Kanapevè a te kanpe manifestasyon an pou yo evite

Gwo mobilizasyon ki te pare pou sòti nan nan lari a jounen mèkredi 16 avril 2025 sa a sou inisyativ

Normil Rameau pral mete Lapolis la anfas Pèp la

Pa rapò ak mouvman manifestasyon ki anonse nan peyi e an menm tan menas gang yo, chèf Polis la deside

Contact Us