3 zam pami yo 2 fizi, plizyè minisyon, 9 telefòn ak yon radyo kominikasyon, se kantite materyèl DCPJ sezi lakay Alfredo Antoine, ansyen depite komin Kenskòf. Sou paj Facebook li, PNH la anonse pandan y ap fouye kay misye gen Mòn Kalvè a yo sezi bagay sa yo. DCPJ raple Alfredo anba kòd pou konplo kont Leta, finansman gang, konplisite nan asasina ak asosiyasyon malfèktè.
Kesyon anpil moun sou rezo a ap poze se èske Alfredo se machann telefòn.