Ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine ki te gen avi rechèch dèyè l jwenn arestasyon l nan mitan jounen vandredi 4 avril 2025 lan. Lapolis akwe misye nan Mòn Kalvè e se direktè santral DCPJ a, Pierre René François ki konfime nouvèl la. Ansyen palmantè a gen akizasyon sa yo sou do l: konplo kont Leta, finansman gang ak konplisite asasina.
Kounye a rete Nenel Cassy pou peyi a jwenn nouvèl sou li ki li menm akize kòm otè entèlektyèl masak Lasalin.