Dènye avi rechèch DCPJ lage la a, se nan kò ansyen senatè Nip Nenel Cassy ak Alfredo Antoine, ansyen depite Kenskòf. DCPJ repwoche mesye sa yo kòm 2 ansyen palmantè ki nan tete lang ak gang k ap simen latwoublay nan peyi a. Anplis de sa, yo nan konplo pou kraze Leta, asosiyasyon malfèktè ak finansman gang.
Alfredo Antoine se nèg ki pra dosye Kenskòf la met sou do l, tèlman li pale nan radyo dènye jou sa yo.