Anviwon 20 moun pèdi lavi yo nan zòn Ti Twoupo ak Chatoblon, tou prè akademi polis la sou Wout Frè a nan sware lendi 16 fevriye 2025 lan. Teworis yo frape pòt kay moun yo epi yo annik vide bal sou yo daprè temwanyaj kèk temwen. Aksyon sa a pase kòm yon revanj aprè lapolis te fin touye chèf gang Ti Jeral nan menm zòn nan.
Gen anpil kadav ki toujou atè e ladan yo gen ti moun tou.