Nan paj 20 rapò Nasyon Zini an, eskpè yo fè konnen lè Michel Martelly te prezidan sòti 2011 pou rive 2016, li te sèvi ak gang yo pou l te ka fè pouvwa li a mache. Bandi legal sa a te menm patisipe nan kreyasyon “Baz 257” ki konn ap opere nan blòk Mòn Laza […]Lire plus...
Aprè l fin pote 2 milyon 500 mil goud ayè ak ekip li pou avansman konstriksyon kanal la, jodi a, men sa Anie Alerte ekri sou paj Facebook li: ” Wap bat kòw, nap travay, wap fè kòlè nap mete mòtye, blòk, fè pou n konstwi kanal diyite nou, gad janw wont Abi ou fè […]Lire plus...
Mèt Berto Dorcé, ansyen minis Jistis sou Ariel Henry ki te gen non l site nan kad kagezon zam ki te debake Pòdepè a, jij Walther Wesser Voltaire di li pa gen soupson sou li. Kanta Robinson Pierre-Louis, Sekretè Jeneral bawo Pòtoprens ak mèt Michelet Virgil, chèf Pakè Pòdepè prale devan tribinal koreksyonèl pandan gen […]Lire plus...
Tout moun ki gen anvi jwenn yon viza non-imigran pou antre nan peyi blan meriken dwe chita jouk lane 2026. Se sa jounal Miami Herald ekri. Jounal la fè konnen yon lòt bò, sila yo ki te gentan peye pou jwenn sèvis sa a avan 1e oktòb 2022 dwe debouye yo pou pran randevou an […]Lire plus...
Johanah Napoléon kondane pou l pase yon lane ak 9 mwa nan prizon nan kad zafè fo diplòm li t ap pwomennen bay enfimyè nan Eta Florid. Se lajistis amerikèn ki pran desizyon sa a madi pase a. Ansyen PDG Palm Beach School Nursing nan ap peye 3.5 milyon dola kòm sanksyon. Li deja peye […]Lire plus...
Mario Chouloute se nouvo konsil jeneral Ayiti nan Miami daprè yon arete ki pran nan dat 2 jwen 2023 e ki pibliye 13 jwen 2023 nan “Le Moniteur”. Yon lòt bò, nan ONA, gouvènman an retire Stéphanie Modéstin kòm Direktè as Jeneral an aprè nan bwat sa a. Arete ki te nome l nan dat […]Lire plus...
Se konfime, Laurent Lamothe te detounen pi piti 60 milyon dola nan Fon Petwo Karibe a. Aprè Kanada ki te pran sanksyon kont li, kounye a se tou pa Etazini kote Sekretè d Eta ameriken an Anthony Blinken fè konnen pandan Laurent Lamothe te premye minis, li patisipe nan gwo zak kòripsyon. Sa ki pouse […]Lire plus...
Depi ayè madi a gen yon rimè k ap kouri ki ta fè kwè Ministè Jistis ap transfere Komisè Jean Ernest Muscadin nan vil Jakmèl. Yon rimè ki gentan lakoz gwo leve kanpe nan vil Miragwà n maten mèkredi 31 me a. Komisè gouvènman an di moun yo rete kalm, pa gen bagay konsa vre pandan […]Lire plus...
Lapolis anonse l ap akselere operasyon l sou tout gang nan peyi a. Vilaj de Dye, Gran Ravin, Dyèg, Taba, Meyòt, Pènye, Kanaran, Sous Matla, Savyen ak tout lòt kote ki gen gang k ap teworize popilasyon an, wo kòmandman PNH la anonse y ap rive sou yo an fòs. Nan nòt li pibliye a, […]Lire plus...
Aprè gwo atak bandi fè yè nan blòk Kanaran, Ti Tanyen ak Sous Matla, 4e seksyon komin Kabarè, zòn sa yo tèt anba jiskaprezan. Daprè yon rezidan nan zòn nan, gen kay ki gen moun mouri ladan yo yo paka sòti al pran kò yo. Gen moun ki blese ki pa ka ale lopital paske […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]