Ansanm sektè ki te siyen akò ak Ariel Henry pou vini ak Konsèy Nasyonal Tranzisyon an chwazi madanm Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent St Cyr ak pastè Calixte Fleuridor pou al pran syèj nan tèt estrikti sila a. 3 pèsonalite sa yo ap gen pou enstale avan lontan selon enfòmasyon nou ka fè konfyans. Nou dwe […]Lire plus...
Se Justin Trudeau, premye minis kanadyen an ki anonse nouvèl sa a. 2 ansyen konpè Ariel Henry yo fenk kare nan kanpe lwen poutèt 2 towo sa yo gen bon jan relasyon ak gang nan peyi Dayiti, e paske yo patisipe nan gwo zak kòripsyon atravè enfliyans politik yo. Berto Dorcé, ansyen minis Jistis ak […]Lire plus...
Manm kongrè ameriken an ki se depite Sheila Cherfilus McCormick deklare yo pral voye yon lèt bay administrasyon Biden nan pou mande l pran sanksyon kont tout ayisyen ki gen nasyonalite amerikèn ki nan relasyon ak gang. Gen demach k ap fèt la a tou pou pèmèt kèlkeswa moun non l site nan trafik dwòg, […]Lire plus...
Direktè rejyon metwopolitèn ki t ap dirije Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA) te sibi zak anlèvman nan jou pase yo sou wout Frè a. Daprè sa kèk sous rapòte, bandi yo pa libere Lydbenson Théodate vivan. Yo touye l epi jete kadav li sou wout Frè a mèkredi 14 desanm pase a. Anlèvman […]Lire plus...
Gang yo bay twòp pwoblèm nan peyi Dayiti sa ki lakoz ti moun yo ap manyen gwo zam. Etazini, atravè Nasyon Zini deside pou voye yon fòs entènasyonal pou vin ede Lapolis fè fas kare ak gang yo daprè sa depite Sheila Cherfilus McCormick deklare nan mikwo VOA kreyòl. Ameriken pran trè o serye aksyon […]Lire plus...
Aprè seleksyon fransèz la fin bat ekip mawokèn nan 2 gòl a zewo. Ble yo pral rankontre ak Ajantin nan final la dimanch k ap vini la a. Messi ak Mbappé pral teke kòn yo, yon dyèl 2 sipèsta k ap jwe nan menm klèb deja anonse lakoulè nan final sa a. An 2018, ekip […]Lire plus...
Twa gòl a zewo, 2 gòl Alvarez e youn Messi make, se avèk èskò sa a ekip Ajantin nan mete do ekip Kwoat la atè nan premye match demi final yo. Yo jwenn viktwa sa a aprè 2 gòl ki te enskri nan premye mitan an e yon lòt gòl nan dezyèm mitan an sou […]Lire plus...
Pou ane 2022 a, daprè chif Nasyon Zini avanse yo fè konnen bandi asasine 1 448 moun, 1 145 blese epi 1 005 lèzòt viktim de zak kidnaping nan peyi Dayiti. Gang yo kontwole 60% kapital la, yo itilize vyolans seksyèl pou kreye lapèrèz lakay popilasyon an, daprè sa Volker Türk ki se responsab dwa […]Lire plus...
Fritz Gérald Jean Rivière mete bout nan lavi li jounen lendi 12 desanm 2022 a. Dram sa a pase nan zòn Site Militè daprè enfòmasyon jij de pè Dèlma a, Garry Coupet bay sou sa. Se li menm ki t al fè konsta legal kadav polisye ki afekte ak inite CIMO a e aprè li […]Lire plus...
Romel Bell, ansyen direktè jeneral Administrasyon Jeneral Dwàn yo nan peyi Dayiti tonbe anba sanksyon Etazini akoz li itilize pozisyon l pou fè kòripsyon ak lòt gapji administrativ. Non senatè Rony Célestin retounen site ankò poutèt li itilize pozisyon piblik li pou fè kòripsyon, sa ki mete gouvènman ayisyen an nan gwo difikilte. Gen yon […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]