Koulye a, bandi yo debake kay moun ak inifòm Lapolis sou yo, zam nan men akonpanye ak yon moun yo di ki se jij de pè. Lè yo fin antre, yo pran pretèks mèt kay la dwe DGI oubyen yo di w gen yon manda kont ou, daprè jounalis Valéry Numa. Se nan sans sa […]Lire plus...
Daprè Chèf d Eta majò pou defans Lame Kanadyèn nan ki se Wayne Eyre, peyi Kanada pa pare pou pran tèt yon fòs entèvansyon militè nan peyi d Ayiti. Li fè konnen pi lwen, lame peyi Kanada a deja angaje l bò kote Ikrèn ak OTAN nan kad gè kont Larisi a. Wayne Eyre di […]Lire plus...
Plizyè bandi te debake lakay kòmandan Xavier Séide nan lannwit jedi 9 mas la. Yo touye 2 chen ki te kay kòmandan an. Nan echanj li fè ak malfra yo, gen anpil bandi ki tonbe. Chif yo menm pale de anviwon 10 bandi ki vale dlo bouch yo anba katouch polisye sa a. Bandi ak […]Lire plus...
Daprè minis zafè Etranjè peyi Bahamas la ki se Fred Mitchell, gen 2 peyi afriken ki swete ede Ayiti fè fas kare ak sitiyasyon ensekirite l ap konnen jodi a. Minis la pa site non peyi sa yo men li anonse peyi sa yo entèrese pou fè sa. Li fè anons sa a touswit aprè […]Lire plus...
Gouvènè 20 Eta Repibliken ki te depoze plent kont pwogram pawòl imanitè la jwenn yon antant ak administrasyon Biden lan pou jij k ap tande dosye a fè sa nan mwa jwen 2023. Se yon lòt soulajman pou sila yo ki poko aplike oubyen ki poko fè paspò pou vwayaje. N ap raple dosye sa […]Lire plus...
Aristil Enold ak Jerry Firmin se non 2 malfra sa yo ki genyen 29 ak 31 lane Lapolis arete dimanch 5 fevriye a nan maten nan zòn Kafou Fleryo. Mesye sa yo konn patisipe nan vòl ki fèt ak zam nan men, vyòl, kidnaping ak asosiyasyon malfèktè. Yo nan DCPJ ap reponn kesyon nan moman […]Lire plus...
PNH la anonse li fouke 2 gran kidnapè ki se an menm tan alye chèf gang Kraze Baryè a ki se Vithel’Homme Innocent. Lapolis arete David Joseph li akize kòm moun ki te kidnape Jean Franklin 7 oktòb 2022, touye madanm li epi mete dife sou li anndan kay la. Fredler Gay li menm, arete […]Lire plus...
Moun Koridò Basya, Avni Poupla, Nazon, Pòs Machan, Bèlè, Solino pou n site kote sa yo ase ap viv yon move moman depi anviwon 3 jou. Nèg G9 yo ak nèg Krache dife yo ap livre yon batay pou tèritwa, sa ki lakoz tout moun nan zòn sa yo ak tout pitit yo mare ti […]Lire plus...
Byen bonè vandredi 3 mas 2023 a, Ralph Théodore tout moun konnen sou non Sexy tonbe anba bal ant Kriswa ak Nazon. Yo asasine l nan yon koridò bò yon otèl ki rele Best Inn. Daprè detay yo, atis la resevwa plizyè bal nan tout kò l epi moun k ap pase voye anpil kout […]Lire plus...
Jan sa te anonse 16 fevriye pase a nan bouch premye minis kanadyen an Justin Trudeau pandan l te an vizit Bahamas, bato militè yo nan dlo Ayiti yo vrèman. NCSM Glace Bay ak Moncton, se non 2 bato militè sa yo k ap paweze nan lanmè Ayiti daprè sa minis defans kanadyen an ki […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]