Sa pase Dimanch 6 dawout la nan Minisipalite Dajabón. Sòlda ki fè pati Lame Repiblik Dominikèn arete 16 ayisyen ki san papye pandan yo t ap tante antre nan peyi yo a. Chofè ki t ap mennen yo a chape poul li. Depi lè fenomèn ensekirite a ap pran chè serye nan peyi a, se […]Lire plus...
Lapolis nan Gonayiv akwe samdi 5 dawout la 2 prezime bandi ki se manm gwoup gang yo rele kokorat san ras la. Non yo se Zéphyrin Ednel ak Charles Bendjouly. Chèf akizasyon yo se vòl, vyòl ak kidnaping. Gwoup gang kokorat san ras la ak Gran Grif nan Savyen, a yo 2 a yo simen […]Lire plus...
“Nou ranfòse Fòs Lame a, ki jodi a gen pi bon ekipman e byen prepare pou lè entèvansyon an rive. Kounye a n ap fè atansyon espesyal pou nenpòt nan moun sa yo, nan eleman sa yo ki te patisipe nan gang, nou idantifye non tout, nou gen yon baz done pou chak nan yo […]Lire plus...
Anviwon 13 konpatriyòt ayisyen mouri nwaye nan yon aksidan machin aprè yo fin tonbe nan yon kanal. Dram sa a pase nan pwovens Valverde an Repiblik Dominikèn. Viktim yo se 11 granmoun ak 2 ti moun daprè premye eleman enfòmasyon yo. Plizyè ka konsa repete lakay vwazen dènye jou sa yo. Lè se pa dife […]Lire plus...
Ant 200 a 400 milyon dola ameriken chak ane se kantite lajan sa a Etazini anonse y ap bezwen pou yo depanse pou fòs miltinasyonal k ap gen pou vini an Ayiti a. Se Tod Robinson, Asistan Sekretè d Eta ameriken an ki fè deklarasyon sa a nan mikwo Miami Herald pandan li di yo […]Lire plus...
Lis peyi ki deside vin ede Ayiti frennen fenomèn ensekirite a kontinye ogmante. Aprè Kenya k ap gen pou pran direksyon misyon sa a, Bahamas te di l ap voye 150 mete sou 1000 polisye Kenyan yo. Kounye a se tou pa Jamayik ki di l pare ak Antigwa men yo poko di konbyen sòlda […]Lire plus...
Batey La Grúa ki chita kò l nan Minisipalite Imbert, yon pwovens nan vil Puerto Plata ravaje anba gwo flanm dife. Grav ensidan sa a, daprè Konsila Ayiti a an Repiblik Dominikèn lakoz anviwon 35 kay boule ra pye tè, mèt kay sa yo ki se ayisyen pa chape anyen. Daprè premye detay ki bay, […]Lire plus...
Gen plizyè vwa nan peyi a ki soulve kont arestayon Bourik de Latalay la. Pou yo menm, Lapolis se dan pouri e Bourik se bannann mi. Daprè kèk obsèvatè, gen anpil atis ki abitye al jwe Vilaj de Dye, yo ta dwe arete yo e gen yon pakèt nèg a vès k ap founi bandi […]Lire plus...
Daprè deklarasyon Marvel Dandin, Direktè Jeneral radyo Kiskeya, y ap fè otopsi kadav la de tout paske sa te nan plan yo. Pou sa ki gen pou wè ak zafè pwazon kouzen Lilianne nan ap pale a, Stéphane Pierre Paul, frè defen jounalis la voye enfòmasyon sa a jete byen lwen. Stéphane di se yon […]Lire plus...
Nan yon mesaj tou kout li anonse sou Instagram, Justin Trudeau, premye minis peyi Kanada a anonse li menm ak madanm li pa ansanm ankò. Li di desizyon an pran aprè anpil konvèzasyon reflechi e difisil. Non madanm nan se Sophie Grégoire. Yo te gen 18 lane depi yo marye. Nouvèl sa a se radyo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]