Aprè anviwon yon mwa depi mèt peyi yo te vide bal sou plizyè avyon etranje, aktivite yo ap rekòmanse nan ayewopò Tousen Louvèti jounen mèkredi 11 desanm nan. Se minis Travay Piblik yo, Raphaël Hosty ki konfime sa. Menmsi Administrasyon Federal Aviyasyon ki nan Etazini poko leve sanksyon yo sou Ayiti men OFNAC ak MTPTC […]Lire plus...
Kylian Mbappé, Vinicius Junior ak Jude Bellingham bay Real Madrid viktwa a sou tèren Atalanta nan kad 6zyèm jounen lig chanpyon yo. 3 gòl a 2 sa a pèmèt poulen Ancelotti yo resisite tèt yo nan klasman an avan 2 lòt jounen ki rete yo. Kylian Mbappé te kite match la nan 33èm minit akoz […]Lire plus...
Plis pase 110 granmoun pèdi lavi yo zòn Waf Jeremi nan komin Site Solèy sòti6 pou rive 7 desanm 2024 la. Moun sa yo gen pliske 60 lane daprè RNDDH ki konfime enfòmasyon an. Se yon wougan ki voye Mikanò al fè masak sa a daprè detay yo paske li gen yon pitit li ki […]Lire plus...
Lapolis atravè yon rad mare li fè nan komin Ti Rivyè Latibonit rive reprann kontwòl komisarya ki te nan men bandi yo pandan wikenn sa a. Plizyè inite espesyalize asiste popilasyon an pou kontinye bouske san manman yo. Gen anpil aretasyon ki fèt pami yo, gen plizyè madan bandi ki anba kòd tou, daprè enfòmasyon […]Lire plus...
Gwo selebrasyon nan peyi Siri aprè gwoup rebèl islamis radikal yo fin pouse do Al-Assad mete deyò nan peyi Siri. Aprè li fin chape poul li, se Vladimir Poutine ki lonje lamen ba li ak tout fanmi l. Daprè jounal TASS, Larisi ba yo azil pou rezon imanitè. Bachar te ranplase papa l ki te […]Lire plus...
Nan yon kominike li mete deyò, sekretarya wo eta majò FAd’H la konfime te gen 2 bandi ki sòti nan baz Kraze baryè. Youn rele Carlo Tity e lòt la rele Mackendy. Responsab FAd’H yo, demanti enfòmasyon ki di se livre yo te livre bandi yo bay anbasad amerikèn. Nan nòt sila a, chèf lame […]Lire plus...
Alix Disier Fils-Aimé ki se premye minis enstale ayè jedi a Joseph André Gracien kòm minis ki chaje kesyon elektoral ak konstitisyonèl e nan menm jounen an, li rekondwi Herwill Gaspard kòm minis san pòtfèy ki chaje solidarite ak zafè imanitè. Yon seri pòs initil ki kreye paske moman an pa mande sa. Minis Herwill […]Lire plus...
Se vre gen plizyè bandi ki rete atè jounen vandredi 6 desanm 2024 la pandan afwontman ant gang yo ak lapolis men sa pa anpeche fòs lòd yo viktim. Vanel Valminord se non yon sòlda Fòs Lame d Ayiti ki mouri epi gen yon ajan UDMO ki li menm al mouri lopital daprè kèk temwen. […]Lire plus...
Lapli k ap tonbe nan Nò peyi a depi plizyè jou pa sispann fè dega. Vè 2è maten vandredi 6 desanm nan, yon mi vide sou yon kay e wete lavi 4 moun nan yon sèl fanmi daprè medya lokal yo. Non Viktim yo se Wilson Marcellus 38 ane, Nadia Michel 32 ane, Wilmise Marcellus […]Lire plus...
Digicel konfime pandan jounen ayè kite 5 Desanm 2024 la, sèvis entènèt li a te bloke akoz enfrasrikti li a ki sibi 3 domaj. 2 nan fib optik li yo koupe akoz yo pran katouch epi gen yon lòt se akoz inondasyon. Konpayi wouj e blan an anonse yo gentan pran kèk mezi rapid pou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]